Skip to main content
Close
Menu

VNS Health Bezwen èd ou pou amelyore swen paysan yo!

1ye me 2023

Chè Ekip,

Nan VNS Health Personal Care, nou kwè ke wòl ou nan pran swen  pasyan nou yo enpòtan anpil.

Jan de kalite  swen ou bay paysan ou ak  jan ou delivre li enpòtan anpil pou nou ak ou. Ou se je nou ak zòrèy nou. Nou kwè ou nan pi bon pozisyon pou ede nou amelyore swen nou bay kòm yon òganizasyon.

 Kòm yon manm enpòtan nan ekip swen pasyan an, nou apresye opinyon ou. Avèk sa nan tèt ou, nou ap fè soti yon Sondaj sou sekirite paysan nou. Objektif la se pou nou ka genyen yon pi bon konpreyansyon sou jan de kalite swen n ap bay pou ane 2023 lan.

Ou pral resevwa sondaj sa a jodi a, Lendi, 1ye me. Li pral vini pa imèl nan yon twazyèm pati yo rele Sant Sekirite Pasyan an. Sondaj la ta dwe pran pa plis ke 10 minit pou ranpli li. Sondaj la disponib nan lang angle, panyòl, ris, kreyòl ayisyen, ak Senplifye Chinwa. Repons ou yo ap anonim.

Mwen mande ke ou ranpli sondaj. W’ap gen jiska ka Dimanch 21 me 2023 pou konplete li. Mwen  apresye patisipasyon ou nan efò sa ki trè enpòtan. Repons ou yo ap ede nou idantifye domèn kote nou ka amelyore swen nou bay pasyan nou yo.

Tanpri checke pou yon imèl k ap vini jodi a, 1ye me, ki rele Sant Sekirite Pasyan an. 

Kòm toujou, mèsi pou efò san fatig ou ak pou travay enkwayab ou fè pou pasyan ou yo ak pou òganizasyon nou an.

Mwen fyè anpil pou mwen genyen ou nan ekip mwen an. 
 

Avèk rekonesans,

Jim

James P. Rolla
Senior Vice President, VNS Health Personal Care